A  B CH  D  E  F  G  I  J  K  L  M  N  O  P  R  S  T  V  W  Y  Z
In this theme theme [Kalite / Defo]A defo chyen, kabrit al lachasAbitid se visAbitan pa mize lavilAbitid tiye mèt li chak jouPye bèf pou pye bèf, m ap pran l kay pratikAbiye kon li abiye, kan midi sonnen fòk bourik Sendomeng ranniA fòs ou frekante chen ou kapab trape pisAfè kay moun se mistèAbraram di sètaseBon kapitèn swe nan sabChen vòlè men l itilJaden lwen, gonbo gateLi pa pitimi san gadò.Chat konnen, rat konnen, barik mayi a ap rete laOu fè sèkèy pou belmè, se manman w ki antere ladan lAchte peye, prete remèt, se sa ki fè zanmi direBay kou bliye, pote mak sonjeTout bèt jennen mòdeChat ki chode pè menm dlo frètZanmi pre se zanmi kòd anba braEvite miyò pase mande padonAnalfabèt pa bètBourik chaje pa kanpeLagè avèti pa tiye kokobeDanmijann poko plen, boutèy pa kapab jwennFè zanmi ak kouto anvan abriko miDe je kontre, manti kabaGran mèsi chen, se kout batonApre bal tanbou louEspwa fè moun vivBonjou' li pa laveriteKabrit pa mare nan pikèt bèfKreyon Bondye pa gen gòmFiyèl mouri, makomè kabaPito dlo a tonbe olye pou kalbas la pa krazeAtansyon pa kaponTig vye, men zong li pa vyeBèl dan pa vle di zanmiKapon antere manman liAnvan chen manje zo, li mezire machwè lLè marengwen ap vole, ou pa konn sa k mal sa k femèlPise gaye pa kimenPye kout pran devanKabrit gade je mèt kay avan li antreKabrit di sa k nan vant li se li ki pa lChak koukouy klere pou je lRavèt pa janm genyen rezon devan poulPou yon zo w ap rele chen bòpèBondye bonChak gòje (gòjèt) dlo yon poul pran, li leve tèt li pou l di Bondye mèsi.Bourik fè pitit pou do l pozeWòch nan dlo pa konn doulè wòch nan solèyTete pa janm twò lou pou mèt liBèl fanm pa vle di bon menajPiti piti fè onè prezidanPran bal ou ofonKafou toujou pi gran pase gran chemenYon sèl dwèt pa manje gonboGen towo pase towoLajan kase wòchZafè kabrit pa zafè moutonZonbi goute sèl, li pa mande reteBèf pa janm di savann mèsiRat kay manje pay kayLajan fè chen danseSa Bondye sere pou ou, lavalas pa kapab pote li aleSa ki ba bon pou sak, ou pa bay makout liSe pa jan chat mache li kenbe ratTi mapou pa grandi anba gwo mapouBat men ankouraje chenBon diven pa bezwen etikètFanm jalou pa graPale fransè pa vle di lespri pou saVwazinaj se dra blanAkrèk pa bayGalta Bondye toujou plen vyannBèf san ke, Bondye pouse mouch pou liKrapo fè kòlè, li mouri san boudaEde tèt ou pou Bondye kapab ede ouSe lè ou pile chen ou konnen si li mòdeChen pa janm mòde pitit li jouk nan zoLi se kouto de bòLang pa lanmè, men li kapab nwaye wSanti bon koute chèLajan pa BondyeFile kouto, men veye dwèt ouLè w ap manje ak dyab, ou kenbe fouchèt ou byen longBèf di li pral sal savann, se ke li li salByen mal pa lanmòDlo ou pa pè se li ki pote w alePa fouye zo nan kalalouKapon antere manman lRat mòde soufleBondye konnen bay li pa konnen separeBay piti pa chichMoun ki swe pou ou se pou li ou chanje chemizFè wont sèvi kòlèAnnafè pa dòmi diMete chat veye bèNèg di san fè, Bondye fè san diWè pa wè, antèman pou katrèChen ou fè byen pou li, lè li anraje, se ou li mòdeTwou manti pa fonDwèt ou pou ou, ou pa kapab koupe l jeteMen anpil, chay pa louSe sòt ki bay, enbesil ki pa pranDe mèg pa friRenmen tout, pèdi toutYo sou do chwal la, y ap pale l malSe pa menm jou fèy la tonbe nan dlo a li pouriBèf ki genyen ke long pa janbe difeLè w pa gen manman, ou tete grannSe nan chemen jennen ou kenbe cheval malenKochon manje santiman l nan po bannannNan bay kout men, ou jwenn kout pyeBondye pa bòpèKase fèy kouvri saBèl pawòl pa vle di verite pou saRete trankil, se remèd kòLabouyi cho pa manje ak dwètSe dènye kou pou tiye koukouSe pa lè moun ap nwaye pou vin montre l najeGen bab pa vle di granmoum pou saLajan fè nèg monte masuifeOu jis dèyè kamyonèt laPati bonè pa di konnen chemen pou saKou vant chat plen, li di ke rat anmèSe mwen se ouDe kou nan bouda bourik la, de kou nan sakpay laSi w renmen po a fòk ou renmen grenn lan touTout moun genyen yon grenn zanno kay òfèvChodyè ou pa monte, ou pa desann liMouch pa antre nan bouch ki fèmenNèg sòt mare kòd li, nèg lespri pa kapab demare liTout moun genyen yon bwa deyè bannann yoJete vye chodyè pou chodyè nèfKannnari plen, kouvèti kapab trapeKouto pa kapab grate manch liMache sou 'pinga w…' pou w pa pile 'si w te konnen…'Lanmè pa kenbe krasPadon pa geri maladTout jwèt se jwèt, kwòchèt pa ladan lPwason genyen konfyans nan dlo e se dlo ki kuit liLi pa janm twò ta pou chen anrajeSe lave men, siye atèSe lè ou pase maladi, ou konnen remèdLè chodyè plen, kouvèti kapab trapeLè ou aprann makak voye wòch, se tèt ou li ap kase anvanGen twou nan manchResponsablite se chayLè ou kontre zo nan gran chemen, sonje se vyann ki te kouvri liFòk boutèy fin plen avan bouchon jwennJe wè, bouch peMoun ki pa manje pou kont yo pa janm grangouAvantaj kòk se nan zepon l li yeLi pa manje manje bliyeLang malveyan file pase kouto de bòAnbisyon touye ratBondye pouse mouch pou bèf san keRegle jis pa gate zanmiSa je pa wè, kè pa tounenGen kapab ak kapab; genyen kapab pase kapabLi genyen twòp machin deyè nòs liPwomès se dètChen ki genyen zo pa genyen zanmiFò w konn la, pou w al laKabrit plizyè mèt mouri nan solèyMerite pa mandeLè ou mele, pa genyen zanmiLè poul bwè dlo, li pa kapab bliye di Bondye mèsiKochon mawon konnen sou ki bwa pou l fwoteTwòp lespri, sòt pa lwenAprè fèt se grate tètVeye zo w, veye lòt laLè chat pa la, rat bay kalindaMakak pa jwe ak tigTeke mab la jis li kaseL ap kale wèsTi moun fwonte fè bab nan simityèNanpwen lapriyè ki pa genyen amènByen san swe pa pwofiteLi gen kè nan menLi pa konnen non chen liChita pa bayTande pa vle di konprann pou saTwò prese pa fè jou louvriMisye gen dèyèSi pa genyen sitirè pa kapab genyen vòlèBwè dlo nan vè, respekte vèMaladi pran bouyonPa genyen pèn san sekouBondye chase mouch pou bèf san keBondye padone, nèg pa padoneSe pa poutèt yon pen pou pèdi tout yon founoKapab pa soufri
...

Tradiksyon & definisyon

Anglè, Fransè, Espayòl, Pòtigè. Anpil egzanp fraz. Sinonim. Omonim. Ekpresyon popilè.

...

Ti liv Reina pou timoun

Gade bèl ti liv Sa mwen kapab fè ak men m nan nan plizyè lang...
Plis ke 25 000 antre nan bazdone a. Mizajou detanzantan!