A  B CH  D  E  F  G  I  J  K  L  M  N  O  P  R  S  T  V  W  Y  Z
In this theme theme [Bèt]A defo chyen, kabrit al lachasAbitid se visChyen souke ke l sou moun li konnenPiti piti zwazo fè nich liSe sou chyen mèg yo wè pisAbitye miyò pase kòmansePye bèf pou pye bèf, m ap pran l kay pratikBèl cheve pa lajanAbiye kon li abiye, kan midi sonnen fòk bourik Sendomeng ranniA fòs ou frekante chen ou kapab trape pisFanm pou yon tan, manman se pou tou tanDèyè mòn, gen mònChen vòlè men l itilChat konnen, rat konnen, barik mayi a ap rete laChay ou pa ka pote, ou mete l atè byen dousmanBaton ki bat chen blan an, se li k ap bat chen nwa aBourik travay, cheval galonnenOu fè sèkèy pou belmè, se manman w ki antere ladan lGade pa pwazonBourik chaje pa kanpeFè zanmi ak kouto anvan abriko miBourik toujou rete bourikGran mèsi chen, se kout batonYo pa achte chat nan makoutChen genyen kat pat, se yon sèl chemen li fèApre bal tanbou louRayi chen, men di dan li blanKalbas gran bouch pa kenbe dloPito dlo a tonbe olye pou kalbas la pa krazeMennen koulèv la lekòl se youn, fè l chita se deKote y ap plimen kodenn, poul pa riAnvan chen manje zo, li mezire machwè lChen grangou pa jweKabrit di sa k nan vant li se li ki pa lBabye malfini babye manman poulPou yon zo w ap rele chen bòpèBourik fè pitit pou do l pozeFòk ou pa rele chen bòpè pou zoSa chat konnen, se sa li kapab montre pitit liMen ale, men vini. Zanmi direTi kouto miyò pase zongBèf pa janm di savann mèsiChay sot sou tèt, li tonbe sou zepòlDepi l rat, li resi pran nan pèlenLajan fè chen danseOu joure manman kayiman, lè w fin janbe dloBat chen an, tann mèt liSe pa jan chat mache li kenbe ratTi mapou pa grandi anba gwo mapouBat men ankouraje chenChanje mèt, chanje metyeChemen bezwen pa janm longChak bourik ranni nan patiraj liSe lè ou pile chen ou konnen si li mòdeChen pa janm mòde pitit li jouk nan zoBon chwal vann dèyè do manman lLè w pa gen manman ou tete grannBèf di li pral sal savann, se ke li li salPa fouye zo nan kalalouLè w bezwen Kongo, ou rele l YayaAnnafè pa dòmi diAnnuiyan gen remèdWè pa wè, antèman pou katrèChen ou fè byen pou li, lè li anraje, se ou li mòdeFè lefou pou w pa peye dwaSe sòt ki bay, enbesil ki pa pranLè mizè bare bourik, li kapab kouri pi vit pase chevalTi bourik pa kouri pase manman lPito sa malgre saBwa ki nan men w, se avèk li w pouse chenChen ki bwè ze pa kite metyeYo sou do chwal la, y ap pale l malKouri pou lapli, tonbe nan gran rivyèBèf ki genyen ke long pa janbe difeChen manje chenLanmò bourik ranje chenLè kè ti poul kontan, se malfini ki dèyè lChen pa janm ale chèche zo devan pòt kay tayèSi krapo te bon vyann, li pa t ap rete nan dloKochon manje santiman l nan po bannannLè w nan mitan bourik, ou pote baKaka poul pa bèSe pa lè moun ap nwaye pou vin montre l najeKalbas pa donnen joumouGen bab pa vle di granmoum pou saManje kuit pa gen mètOu wè mare cheval, mare bourik pi rèdPati bonè pa di konnen chemen pou saDe kou nan bouda bourik la, de kou nan sakpay laPa kite bourik pou bat makoutTwò gwo non tiye ti chenTi kochon pa janm fè pitit ak tcheLi pa janm twò ta pou chen anrajeChak jou kiyè bwa ale kay ganmèl men yon jou ganmèl, ale kay kiyè bwa touResponsablite se chayDekouvri Sen Pyè pou kouvri Sen PòlSe pa tout chen ki jape pou vire dèyè gadeBouche nen w pou bwè dlo santiManje kapab gaspiye devan chen mare, chen lage pa kapab jwenn liBondye pouse mouch pou bèf san kePwomès se dètSa a se twokèt la, chay la dèyèChen ki genyen zo pa genyen zanmiKochon mawon konnen sou ki bwa pou l fwoteSa k nan men w, se li ki pa wLè chat pa la, rat bay kalindaSi chen pa t santi gòj li gran, li pa t ap vale zoSe chen ki konnen ou ki kapab souke ke li pou ou
...

Tradiksyon & definisyon

Anglè, Fransè, Espayòl, Pòtigè. Anpil egzanp fraz. Sinonim. Omonim. Ekpresyon popilè.

...

Ti liv Reina pou timoun

Gade bèl ti liv Sa mwen kapab fè ak men m nan nan plizyè lang...
Plis ke 25 000 antre nan bazdone a. Mizajou detanzantan!